Dènye mizajou : Jen 2026
1. Enfòmasyon Pwodui ak Pri
Tout pri ki afiche sou Lakay Company se an Goud (G). Pri yo enkli taks aplikab yo. Vandè yo responsab pou ke enfòmasyon pwodui yo kòrèk.
2. Pase Kòmand
Pou fè yon kòmand :
- Chwazi pwodui ou vle a
- Ajoute li nan panye ou
- Valide panye a
- Bay adrès faktirasyon ak livrezon an
- Chwazi metòd pèman
- Konfime kòmand lan
Yon imèl konfimasyon ap vin jwenn ou. Kontra vant la fòme lè ou resevwa konfimasyon an.
3. Pèman
Nou aksepte :
- Viman bankè
- Pèman nan livrezon (selon vandè)
- Lòt metòd ki disponib nan checkout
Tout tranzaksyon fèt nan anviwònman sekirize.
4. Livrezon
- Delè livrezon yo varye selon vandè ak lokalizasyon
- Vandè yo responsab pou ekspedisyon pwodui yo
- Frè livrezon yo afiche anvan konfimasyon kòmand
Lakay Company pa garanti delè livrezon vandè endepandan.
5. Litij
Si ou gen yon pwoblèm ak kòmand ou, kontakte :
- Vandè a dirèkteman sou platfòm nan
- Ekip sipò Lakay Company : sipo@lakay-company.com
- Delè rezolisyon : 5 jou ouvrab