Kesyon yo poze souvan

🛍️ ACHTE

Ki jan pou mwen fè yon kòmand?
Jwenn pwodwi ou vle a → klike « Ajoute nan panye » → ale nan panye → valide kòmand → chwazi peman → konfime. Ou pral resevwa imèl konfirmasyon.
Eske mwen bezwen yon kont pou achte?
Wi, ou bezwen kreye yon kont gratis pou ka swiv kòmand ou yo epi jwenn sipò pi fasil.
Eske pri yo an Goud oswa USD?
Pri yo nan Goud Ayisyen (G) pa defò. Kèk vandè ka afiche an USD — li toujou ekri sou paj pwodwi a.
Kijan pou mwen konnen si pwodwi a disponib?
Si ou ka ajoute l nan panye, li disponib. Si bouton an di « Wè Detay » sèlman, li pa disponib pou moman.

💳 PEMAN

Ki metòd peman nou aksepte?
Nou aksepte Moncash, Natcash, virement bancaire, ak peman nan livrezon (selon vandè ak zòn).
Eske peman an sekirize?
Wi. Tout tranzaksyon fèt nan anviwònman HTTPS kriptografye. Nou pa konsève enfòmasyon kat ou yo.
Mwen te peye men kòmand mwen pa konfime. Kisa pou mwen fè?
Kontakte nou imedyatman nan info@lakay-company.com avèk referans tranzaksyon an. Nou pral verifye nan 24 èdtan.

🚚 LIVREZON

Ki delè livrezon?
  • Pòtoprens ak banlye : 1-3 jou travay
  • Pwovens : 3-7 jou travay
  • Zòn izole : 5-14 jou (depann sou vandè)
Chak vandè bay pwòp delè pa li — verifye paj pwodwi a.
Kijan pou mwen swiv kòmand mwen?
Konekte nan kont ou → « Kòmand Mwen » → klike sou kòmand lan pou wè estati a.
Kisa si kòmand mwen pa rive?
Si kòmand pa rive apre delè maksimòm nan, kontakte nou nan 48 èdtan. Nou pral fè ankèt ak vandè a.
Eske nou livre aletranje?
Pou moman an, nou livre sèlman ann Ayiti. Pou kèk pwodwi, jwenn nou dirèkteman pou diskite.

🔄 RETOU & RANBOUSMAN

Ki délè pou retounen yon pwodwi?
7 jou apre livrezon pou pwodwi defektye oswa ki pa koresponn ak deskripsyon. Kontakte vandè a oswa nou dirèkteman.
Kòman ranbousman travay?
Aprè nou valide demann ou, ranbousman fèt nan 5-10 jou travay nan menm metòd peman an. Wè Politik Ranbousman nou pou plis detay.
Eske mwen ka anile kòmand mwen?
Wi, si li pako ekspedye. Konekte nan kont ou → kòmand lan → « Anile ». Si deja ekspedye, kontakte vandè a.

👤 KÒT MWEN

Ki jan pou chanje modpas mwen?
Kont Mwen → Detay Kont → Chanje Modpas → Sove.
Mwen bliye modpas mwen. Kisa pou mwen fè?
Paj koneksyon → « Modpas Bliye » → antre imèl ou → tcheke bwat imèl ou.
Ki jan pou vin yon vandè sou Lakay Company?
Ale nan paj « Tounen Vandè » → ranpli fòmilè enskripsyon → ekip nou pral kontakte ou nan 48 èdtan.

🏪 VANDÈ

Konbyen sa koute pou vann sou Lakay Company?
Enskripsyon gratis. Nou pran yon komisyon sou chak vant. Kontakte nou pou tarif egzak.
Ki jan mwen jwenn peman mwen kòm vandè?
Alè tablo de bò vandè ou → « Withdraw » → chwazi metòd retrait → soumèt demann lan.
Ki pwodwi ki entèdi sou platefòm nan?
Tout pwodwi ilegal, kontrefè, medikal san lisans, ak tout sa ki vyole dwa moun entèdi. Wè CGU pou lis konplè.

📧 info@lakay-company.com  |  📞 +509 38 34 2185  |  🕒 Lendi – Vandredi 8h – 17h