Gid Konplè Itilizatè
Chwazi seksyon ki koresponn ak wòl ou pou jwenn tout enfòmasyon ou bezwen yo.
Vizitè
Eksplore Lakay Company san w pa bezwen kreye yon kont
1.1
Kisa Lakay Company ye?
Lakay Company se yon marketplace ayisyen. Yon espas dijital kote ni vandè lokal nou yo, ni vandè pwodui ki mete bon limyè sou Ayiti ak antrepriz ki pou ayisyen ka vann pwodui yo, epi kliyan ka achte fasil kèlkeswa kote yo ye nan mond lan.
Platfòm nan mete aksan sou pwodui lokal ayisyen ak kilti Karayib la. Se tankou yon mache tradisyonèl, men sou entènèt : « Lakay, se lakay » kòm nou di.
- Rad ak akseswa (wòb, mayo, chemiz, pantalon, sandal…)
- Manje Lakay (manje ayisyen tradisyonèl)
- Akseswa pou gason ak fanm
- Lòt pwodui espesyal lokal
- Anpil lòt pwodui antrepriz ayisyen ofri
1.3
Enskripsyon — Chwazi Wòl Ou
Pou ka achte, vann, oswa fè pwomosyon sou Lakay Company, ou dwe kreye yon kont. Enskripsyon an gratis epi li pran mwens pase 2 minit.
① Kliyan — pou ka achte pwodui sèlman
② Vandè — pou ka vann pwodui ou sou platfòm nan (ak validasyon admin)
Ale nan paj enskripsyon
Klike sou ikòn moun nan tèt sit la → « Login / Register » → Seksyon « Kreye yon kont ». Oswa dirèkteman : lakay-company.com/kont-mwen/
Mete enfòmasyon ou
Antre : non itilizatè, adrès imèl, modpas. Imèl ou an dwe valab — yo pral voye yon imèl verifikasyon ba ou.
Chwazi wòl ou (si opsyon disponib)
Si ou vle vann imedyatman, klike sou « Vin tounen vandè » pou ranpli fòmilè vandè a separeman. Sinon, kontinye kòm kliyan epi ou ka toujou vin vandè apre.
Konfime imèl ou
Tcheke bwat imèl ou (ak dosye spam). Klike sou lyen verifikasyon an. Kont ou kounye a aktif.
Kliyan (Achtè)
Achte pwodui lokal ayisyen fas ak fasilite
2.1
Kreye ak Jere Kont Ou
Kreye kont
Ale nan lakay-company.com/kont-mwen/ → Seksyon « Kreye yon kont » → Ranpli non, imèl, modpas → Klike « Enskri » → Tcheke imèl ou pou konfirmasyon.
Konekte
Ale sou sit la → Klike ikòn moun anlè dwat → Antre imèl + modpas → « Konekte ».
Modpas bliye
Paj koneksyon → klike « Modpas bliye? » → antre imèl ou → ou pral resevwa yon lyen reyinisyalizasyon nan imèl ou. Tcheke spam tou.
Modifye pwofil ou
Kont Mwen → « Detay Sou Kont Mwen » → chanje non, imèl, oswa modpas → Klike « Sove chanjman ».
Jere adrès ou
Kont Mwen → « Adrès Mwen Yo » → ajoute / modifye adrès faktirasyon ak livrezon ou. Se rekòmande pou sove adrès ou yon fwa pou pa antre l chak fwa.
2.2
Chèche & Dekouvri Pwodui
Rechèch Dirèk
Tape non pwodui oswa vandè nan baw rechèch la (tèt paj). Sou mobil, klike ikòn loupe pou baw la parèt. Klike « Chèche » oswa peze Entrée.
Pa Kategori
Bann ble anlè a : Rad, Bagay Pye, Manje Lakay, Akseswa, Lòt bagay. Chak kategori gen sous-kategori (wòb, mayo, sandal, etc.).
Pa Boutik Vandè
Klike « Boutik Lakay Yo » → chwazi yon vandè → wè tout pwodui boutik li. Evalyasyon boutik la afiche pou ede ou chwazi.
Filtre Rezilta
Sou paj Boutik oswa paj rechèch, itilize bò gòch pou filtre pa : Pri (minimòm/maksimòm), Kategori, Evalyasyon (etwal).
Lè ou wè yon pwodui ki enterese ou
Klike sou pwodui a pou wè paj detay li : foto galri (klike sou imaj pou yon pi gwo wè), deskripsyon konplè, pri, non vandè a, evalyasyon kliyan ki te achte deja, ak disponibilite.
2.3
Achte yon Pwodui — Etap pa Etap
Chwazi pwodui a
Sou paj pwodui a, si gen opsyon (tay, koulè, etc.), chwazi yo anvan. Tcheke foto yo pou asire ou se sa ou vle. Li deskripsyon an pou konnen materyèl, siz, ak lòt detay.
Ajoute nan panye
Klike bouton wouj « + Ajoute nan panye ». Ou ka kontinye achte lòt pwodui — panye ou ap kenbe tout sa ou ajoute. Ou ka wè kantite atik nan panye w nan ikòn panye anlè dwat.
Verifye panye ou
Klike sou ikòn panye anlè dwat → yon apèsi parèt. Ou ka wè pwodui ou yo, kantite, ak pri total. Klike « Voir le panier » pou modifye kantite oswa retire yon atik.
Valide kòmand lan
Nan panye a, klike « Valide Kòmand Mwen » (bouton vèt). Ou pral ale nan paj checkout la.
Antre adrès livrezon
Ranpli : non, telefòn, adrès konplè (ri, katye, vil, depatman). Si ou te sove adrès ou nan pwofil ou, li pral ranpli otomatikman. Verifye li kòrèk anvan kontinye.
Chwazi metòd peman
Chwazi youn nan opsyon peman disponib yo (Moncash, Natcash, virement, oswa peman nan livrezon). Wè seksyon « Peman » anba pou plis detay.
Konfime kòmand lan
Revize rezime kòmand lan (pwodui, kantite, pri, frè livrezon, total). Si tout kòrèk, klike « Pase Kòmand ».
Resevwa konfirmasyon
Yon paj konfirmasyon parèt avèk nimewo kòmand ou a. Sove nimewo sa a. Yon imèl konfirmasyon ap voye ba ou tou. Tcheke spam si ou pa resevwa l nan 5 minit.
2.4
Metòd Peman
| Metòd | Kijan li travay | Rekòmandé pou |
|---|---|---|
| 💚 Moncash | Antre nimewo Moncash ou → konfime avèk kòd PIN ou sou telefòn ou | Tout tip kòmand |
| 💙 Natcash | Menm pwosesis ak Moncash, men avèk aplikasyon Natcash | Tout tip kòmand |
| 🏦 Virement Bankal | Fè virement nan kont Lakay Company, voye resi a bay nou | Gwo kòmand |
| 🚚 Peman nan Livrezon | Peye espès lè livratè a rive — disponib selon vandè ak zòn | Kliyan ki prefere peye an pèsòn |
2.5
Swiv Kòmand Ou
Pou swiv yon kòmand : Konekte → Kont Mwen → « Kòmand Mwen » → klike sou kòmand ou a.
2.6
Retou & Ranbousman
Ki ka mande ranbousman?
- ✅ Pwodui andomaje oswa defektye nan livrezon
- ✅ Pwodui ki pa koresponn ak foto ak deskripsyon sou sit la
- ✅ Pwodui ki pa rive apre 14 jou travay
- ✅ Vandè anile kòmand la
- ❌ Pwodui alimantè apre livrezon (Manje Lakay)
- ❌ Pwodui ki deja itilize oswa ki pèdi pakaj orijinal li
Kijan pou fè demann retou
Konekte → Kont Mwen → Kòmand Mwen → klike sou kòmand ki gen pwoblèm → « Fè yon Retou »
Eksplike pwoblèm nan klèman. Ajoute foto si pwodui defektye oswa andomaje.
Vandè oswa ekip Lakay pral reponn nan 48 èdtan.
Si apwouve : ranbousman fèt nan 5-10 jou travay nan menm metòd peman ou te itilize a.
2.7
Kijan pou Vin Vandè (Si Ou Te Kliyan Deja)
Si ou gen kont kliyan deja epi ou vle kòmanse vann sou Lakay Company, pa bezwen kreye yon nouvo kont.
Konekte nan kont ou → ale nan lakay-company.com/vin-tounen-vande/
Ranpli fòmilè enskripsyon vandè a : non boutik, deskripsyon, tip pwodui ou vle vann, enfòmasyon peman pou retrait.
Ekip Lakay Company pral revize demann ou nan 48 èdtan. Ou pral resevwa yon imèl apwobasyon oswa demann plis enfòmasyon.
Yon fwa apwouve, tablo de bò vandè ou pral disponib nan Kont Mwen → « Espas Vandè ».
Vandè
Vann pwodui ou ak touche 70% sou chak vant
3.1
Enskri kòm Vandè
Enskripsyon : Totalman gratis. Pa gen frè mansyèl.
Si ou pa gen kont ditou
Ale nan lakay-company.com/vin-tounen-vande/
Ranpli fòmilè enskripsyon : imèl, modpas, non boutik ou (enpòtan — se sa kliyan pral wè), deskripsyon boutik, tip pwodui.
Konfime imèl ou → Ekip Lakay revize demann lan → Apwobasyon nan 48 èdtan.
Resevwa imèl apwobasyon → Konekte → Jwenn tablo de bò vandè ou nan /tablo-debo/
3.2
Konfigire Boutik Ou
Tablo de bò → Paramèt → Boutik
Imaj Boutik
Logo : Imaj kare, minimòm 300×300px. Fòma : JPG, PNG, SVG.
Bannèt : Imaj rektangilè laj (rekòmande 1200×300px). Se premye bagay kliyan wè.
Enfòmasyon Boutik
Non boutik, yon deskripsyon ki di kliyan ki tip pwodui ou vann, kote ou ye, ak sa ki fè boutik ou espesyal.
Kontak Boutik
Nimewo telefòn, imèl, adrès (opsyonèl). Kliyan yo ka wè enfòmasyon sa yo pou kontakte ou dirèkteman.
Metòd Peman Retrait
Chwazi kijan ou vle resevwa lajan ou : Moncash, Natcash, oswa virement bancaire. Bay nimewo ekzak la.
3.3
Ajoute yon Pwodui
Tablo de bò → Pwodui → Ajoute nouvo
Non Pwodui
Chwazi yon non kout, klè, ak deskriktif. Pa egzanp : « Wòb Koton Ayisyen — Wouj ak Blan » se pi bon pase « Wòb » sèlman. Non bon ede kliyan jwenn pwodui ou via rechèch.
Deskripsyon Kout (Rezime)
2-3 fraz ki rezime pwodui a. Sa parèt dirèkteman anba non pwodui a. Mete pwen prensipal : materyèl, koulè, karakteristik espesyal.
Deskripsyon Long (Detay)
Plis enfòmasyon : materyèl egzak, tay disponib (S/M/L/XL…), koulè opsyon, konsèy antretyen, pwovnans. Pi detaye ou ye, pi konfyan kliyan pral achte.
Pri
Pri regilye : Pri nòmal pwodui a (an Goud G). Pri promo : (opsyonèl) Pri redwi — ou ka mete yon dat kòmansman ak fen pou promo a otomatikman.
Imaj Pwodui (Trè Enpòtan!)
Imaj prensipal : yon imaj klè, bon rezolisyon (minimòm 800×800px), fon blan si posib. Galri : ajoute 3-5 foto soti nan diferan ang. Imaj bon = plis vant.
Kategori
Chwazi 1 oswa 2 kategori ki pi prèsi pou pwodui ou a. Pa egzanp pou yon wòb fanm : Rad → Wòb. Bon kategorizasyon = kliyan jwenn ou pi fasil.
Estok
Tcheke « Jere estok » epi antre kantite ou genyen. Mete yon altèt (pa egzanp : 3) pou resevwa yon notifikasyon lè estok ap bès. Lè estok rive 0, pwodui a otomatikman afiche « Depo ».
Pibliye
Revize tout enfòmasyon yo. Si tout kòrèk, klike « Soumèt pou revizyon » oswa « Pibliye » selon paramèt tablo de bò ou. Admin ka revize anvan piblikasyon selon konfigirasyon platèfòm nan.
3.4
Jere Kòmand Ou yo
Tablo de bò → Kòmand
Yon nouvo kòmand rive
Ou pral resevwa yon notifikasyon imèl. Ale nan Tablo de bò → Kòmand pou wè detay : non kliyan, adrès livrezon, pwodui(s) kòmande, metòd peman.
Konfime kòmand la
Si estok disponib ak tout bon, chanje estati a soti « Annatant » ale nan « Ap Trete ». Si pa kapab satisfè kòmand la, anile li imedyatman epi kontakte kliyan an.
Prepare ak Ekspedye
Pakete pwodui a byen. Lè ekspedye, chanje estati a nan « Ekspedye ». Si ou gen yon nimewo swivi, antre l pou kliyan ka swiv li. Kliyan an pral resevwa yon notifikasyon otomatik.
Livrezon Konfime
Lè kliyan an konfime resevwa, estati a chanje nan « Konplete ». Komisyon ou pral kalkile epi ajoute nan balans Tablo de bò ou.
3.5
Jere Estok Ou
Tablo de bò → Pwodui → Chwazi pwodui → Seksyon Estok
- Aktyalize estok : Chak fwa ou vann oswa resevwa nouvo machandiz, mete ajou kantite a imedyatman.
- Altèt estok ba : Mete yon nimewo altèt (pa egzanp : 5) pou resevwa yon imèl notifikasyon lè estok ou rive nan chif sa a.
- Dezaktive pwodui : Si yon pwodui fini epi pa pral disponib pou yon bon bout tan, chanje estati a nan « Brouillon » olye kite l afiche « Depo ».
- Pwodui ki toujou disponib : Si ou gen yon sèvis (pa yon atik fizik), ou ka dezaktive jestyon estok la epi klike « An estok ».
3.6
Retire Fon Ou (Withdraw)
Tablo de bò → « Withdraw » oswa « Retire Fon »
Verifye balans disponib ou. Sèlman fon ki soti nan kòmand konplete disponib pou retrait (pa kòmand ki ancore « Ap Trete »).
Klike « Fè yon Demann Retrait » → antre montan ou vle retire → chwazi metòd (Moncash, Natcash, Virement).
Verifye nimewo peman ou (Moncash, etc.) kòrèk anvan soumèt. Yon fwa soumèt, ou pa ka chanje l.
Admin Lakay pral apwouve demann lan. Delè peman : Moncash/Natcash : 1-3 jou travay, Virement : 3-5 jou travay.
3.7
Wè Estatistik Boutik Ou
Tablo de bò → Rapò / Analiz
Vant
Wè total vant pa jou, semèn, oswa mwa. Konpare pèfòmans de peryòd diferan.
Pi Bon Pwodui
Idantifye ki pwodui ou vann pi plis. Sa ede ou deside sou ki pwodui pou envesti plis.
Evalyasyon
Wè evalyasyon kliyan yo. Reponn kòmantè yo — sa montre ou koute kliyan ou yo.
Vizit
Konbyen moun vizite boutik ou ak pwodui ou yo. Taux konvèsyon (vizit → acha).
Afilye
Pwomote pwodui Lakay epi touche 3% sou chak vant ou jenere
4.1
Enskri kòm Afilye
Ou pataje yon lyen espesyal sou pwodui Lakay Company. Si yon moun achte via lyen ou a, ou touche 3% komisyon sou vant lan — otomatikman, san ou pa bezwen fè anyen lòt.
Ale nan lakay-company.com/afilyasyon/
Li kondisyon pwogram afilyasyon an. Ranpli fòmilè enskripsyon an (si ou pa gen kont, li pral kreye youn pou ou).
Ekip Lakay revize demann ou nan 48 èdtan. Ou pral resevwa yon imèl konfirmasyon ak enstriksyon pou kòmanse.
Konekte → Kont Mwen → « Espas Afilye » — se kote ou jere tout aktivite afilyasyon ou yo.
4.2
Jenere Lyen Afilye Ou
Yon lyen afilye se yon URL espesyal ki gen yon kòd inik pou ou. Lè yon moun klike sou lyen sa a epi achte, sistèm nan rekonèt li kòm yon vant ou jenere.
Lyen pou tout sit la
Espas Afilye → « Lyen Afilye » → Kopye lyen jeneral la. Itilize l pou dirije moun nan paj akèy Lakay Company. Sa kouvri tout acha nenpòt pwodui yo fè apre klike sou lyen an.
Lyen pou yon pwodui espesifik
Ale sou paj pwodui ki enterese ou → Espas Afilye → « Jenere Lyen » → kole URL paj pwodui a → Kopye lyen pèsonalize yo ba ou. Lyen espesifik konvèti pi byen paske li dirèkteman sou pwodui kliyan an te wè nan piblisite ou a.
4.3
Kijan pou Pataje & Pwomote Efikasman
Facebook & Instagram
Piblie foto pwodui a + yon kout deskripsyon ki montre valè li + lyen afilye ou. Itilize Stories pou kreye yon sansasyon ijans (« Disponib pou moman sèlman! »).
WhatsApp & Telegram
Pataje direktman nan gwoup fanmi, zanmi, kolèg. Mesaj pèsonèl konvèti pi bien : « Mwen jwenn yon bèl wòb sou Lakay Company, gade! »
TikTok & YouTube
Fè yon vidéo kout « unboxing » (debale pwodui) oswa revizyon. Mete lyen ou nan bio ou oswa nan deskripsyon videyo a.
Imèl ak Blog
Si ou gen yon lis abònen oswa yon blog, ekri yon atik sou pwodui Lakay Company epi enkli lyen ou yo natirèlman nan tèks la.
- Toujou di aklèman si ou gen yon relasyon afilye avèk pwodui ou pwomote a (transparans ak piblik ou)
- Chwazi pwodui ou kwè ladan yo — ou pral pi konvenkan
- Sible piblik ki enterese nan pwodui ayisyen ak karayiben
- Poste regilyèman — 2 a 3 fwa pa semèn pi efikas pase yon sèl gwo efò
4.4
Suiv Komisyon Ou yo
Kont Mwen → Espas Afilye → Dashboard
| Enfòmasyon | Sa li montre |
|---|---|
| Total Klike | Konbyen fwa moun klike sou lyen ou yo |
| Konvèsyon | Konbyen klike ki te mennen nan yon acha |
| Komisyon Total | Tout lajan ou te touche depi kòmansman |
| Balans Disponib | Lajan ki pare pou retire (kòmand konplete sèlman) |
| Istwa Peman | Lis tout peman ou te resevwa deja |
Yon kliyan achte yon wòb ki koute 2,500 G via lyen ou → ou touche 3% = 75 G otomatikman nan balans ou.
4.5
Resevwa Peman Komisyon Ou
Verifye ou gen yon balans disponib. Komisyon sèlman disponib pou peman lè kòmand korespondant lan nan estati « Konplete ».
Espas Afilye → « Demann Peman » → antre montan ou vle → chwazi metòd (Moncash, Natcash, Virement).
Ekip Lakay apwouve demann lan. Delè : Moncash/Natcash 1-3 jou, Virement 3-5 jou travay.
Toujou Gen Kesyon?
Ekip Lakay Company la pou ede ou — Lendi pou Vandredi, 8h pou 17h